AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, yo pa ka jwenn anyen pou yo achte, tout bagay tèt nèg, bandi pran yo an otaj pou site kèk nan pwoblèm yo, premye minis defakto a, Garry Conille li menm li ap flannen, nan flannen li bliye wout li.

Pandan tout moun ap tann yon aksyon bò kote gouvènman defakto a, premye minis la prefere mache moute desann e fè fo pwomès ki koz sityasyon an vin pi konplike nan men popilasyon an, nan moman nou ap pale la plizyè enstitisyon nan peyi a tankou ONA, BMPAD, DIGNITE pou site sa yo bloke, yo pap bay popilasyon an sèvis, direktè yo akize nan move zafè (koripsyon) yo pa janm ranplase yo poutan mouche a te di li vin konbat koripsyon, mouche a anonse yon katòzyèm mwa pou tout anplwaye leta yo pandan gen plizyè enstitisyon ki dwe anplwaye yo plis pase 13 mwa.

Plizyè zòn anndan peyi a tankou Fonparizyen, Senmak, Akayè, Lewogàn ak plizyè lòt kote sou gwo menas masak, okenn dispozisyon pa pran pou evite sa, poutan mouche Conille te fè konnen yo pral mache de zòn an zòn de kay an kay pou rezoud pwoblèm nan anbyen, de kay an kay bandi Savyen masakre moun Ponsonde jedi 3 oktòb 2024, de zòn an zòn bandi yo pran kontwòl komin Gresye e yo ap panse pran Lewogàn.

Olye mouche Conille rezoud kriz la li ap tante pran kontwòl tout pouvwa a pou kont li, li ap met pyèj pou manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la » ki yo menm bò kote yo pa yo pap regle anyen pou peyi a, mouche Conille vle jwe tout wòl yo pandan li pap regle anyen.

Nan moman nou ap pale la mouche a pa nan peyi a, selon enfo yo li ale nan peyi Arab Ini ak peyi Kenya, poutan semèn pase li te nan Nasyon zini li antre san bay okenn detay sou sa li te al regle, li te prèske antre an kachèt.

Selon anpil moun pou premye 100 jou mouche Conille nan tèt primati a, li genyon bilan tèt chaje prèske tout enstitisyon bloke, bandi yo pran plis tèritwa, lavi a vin pi chè, kriz politik la vin pi agrave, plis moun kite kay yo ap dòmi sou plas piblik pou site sa yo, mouche a fè 10/10 nan mache vwayaje e fè pwomès.
Nan mache flannen mouche Conille pèdi wout li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …