AYITI/SENA: YON GWOUP ANPLWAYE KI TE VIKTIM NAN SENA A MANDE GOUVÈNMAN DEFAKTO A POU DI YON MO.

Yon gwoup anplwaye ki tap travay nan sena repiblik la akize ansyen senatè Joseph Lambert, ak Pierre François Sildor ki ta vyole dwa yo kote yo te revoke yo akoz yo te gen pwoblèm ak Carl Mura Cantave ki te nome yo.

Selon anplwaye sa yo ki te tanmen plizyè mouvman te ale nan kou dèkont, ki selon sa yo fè konnen te soti yon desizyon an favè yo, men Joseph Lambert pat dakò ak desizyon an li te kanpe an kwa e li te itilize pouvwa li pou anpeche anplwaye yo jwenn jistis.

Anplwaye sa yo ki lage 2 bwa balanse mande gouvènman defakto a pou antre nan dosye a, selon sa yo fè konnen ansyen senatè Joseph Lambert te fè koupe chèk yo ak tout ti kat yo depi me 2021 akoz yo tap denonse koripsyon nan sena a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …