KOZE KONTRAKTYÈL KI TRAVAY E KI POKO KA TOUCHE NAN MINISTÈ AFÈ SOSYAL AK TRAVAY ( MAST) PEYI DAYITI.

Ministè afè sosyal Ak travay peyi dayiti (MAST) ki gen pou misyon stabilize e kontwole konpotman patwon kap bay travay,

Epi siveye tout revandikasyon sosyal nan peyi a pou pote solisyon dirab.

Nan sans sa, bwat leta sa ki plase pou regle kondisyon travay moun nan peyi dayiti trouvel nan enposibilite pou fè pewòl pou anviron senk ( 5) mil kont akyèl.

MAST twouvel nan gwo difikilte pou peye sila yo ki te siyen kontra travay, men ki pa ka touche sitiyasyon sila deja kreye gwo pwoblem nan mitan plizyè responsab nan peyi a.

Enfomasyon yo montre pandan Gouvènans ansyen minis Gerald Germain kont akyèl pat gen tout difikilte sa yo pou rive touche malgre kontra yo te evalye ak 7 san yo konsa.

Akòz pwoblèm iregilarite  kek kontra ki te siyen ta pral rete ak yon efektif de de san trant senk (235) kont akyèl sitou aprè Minis Ariel Henry te finn kite tèt ministè afè sosyal ak travay ( MAST).

Apre minis Ariel Henry te fin kite pòs li bay minis Jean René Antoine Nicolas tèt bwat leta sa, sa ta pral monte a sen (5) mil kontra. Selon enfomasyon yo, se nan tout kwen peyi dayiti kontra tap siyen sitiyasyon anpil sendikalis kalifye kom yon veritab dezòd.

Se yon jesyon ki pa bon ditou pou enstitisyon sa,nouvèl minis afè sosyal la,Stéphanie Auguste pou kounyea gen gwo dilèm nan tet ministè a kote li nan obligasyon pou rezoud pwoblem pèman aryere salè kont akyèl sa yo,selon sa yo rapote pitit ak madanm yo ap viv yon moman nwa ak fwaye yo akoz yo pa ka pran swen yo.

Gouvènman an peyi a ta pral pran yon altènatif pou debloke 265 milyon goud konsa pou rive peye Kont akyèl sila yo.Yon pewòl ki te pase nan gagòt kote anpil nan moun ki genyen plizyè dizèn lane sou kontra te vin travay chak jou pa rive touche, kontra gwo montan nan sans « ti zanmi » pou’n repete apre yon sendikalis, yo kalifye de kontra mò selon Ernts TELEMARQUE ki se prezidan (SEMAS) Sendika anplwaye ministè afè sosyal ak travay ( MAST).

Prezidan sendika a fè konnen nan mikwo Echojounal.
gouvènman an ta dwe redefini misyon sou ministè afè sosyal ak travay parapò ak kondisyon li trouvel jounen jodia, nan yon vizit echojounal te fè nan bwat sila jou ki te 09 Avril 2018, nou te konstate twalet ak anvironman (Mast) la se yon prèv ki montre enstitisyon an pap jere byen,yon sitiyasyon ki mande yon repons san pèdi tan nan lide pou ministè a retounen nan filozofi li kise rezoud gwo pwoblem sosyal ak siveye epi kreye travay pou malere ak malerèz andan peyi dayiti.

Yon lòt bò Antoine Marie Juliette ak Romilus Shedlie ki se anplwaye kap travay nan ministè a te leve vwa yo mande pou leta peye yo paske chak jou yo kite lekay yo pou vin travay,e yo pa genyen lòt aktivite pou timoun yo manje,ale lekòl e reponn ak anpil lòt bezwen.

Malgre tout mounvman sa yo Responsab sendika a,Montre li vrèman enkyè, Mesye Ernts TELEMARQUE presize gen yon ekip kap travay sou kesyon kont akyèl malgre gouvènman ta sanble poko deside debloke oken lajan pou resoud pwoblèm sa, yon entèvansyon ki tap pèmèt kont akyèl sa yo soulaje sitou ak presyon famiyal yap resevwa nan menm madanm ak pitit yo.

Ministè afè sosyal ak travay ( MAST) yon enstitisyon ki,chak jou bondye mete ap deresponsabilizel ak travay konstitisyon an ba li,yon fenomèn ki pap sispann atire atansyon anpil sosyològ anndan peyi a, e yo menm rive ap poze kesyon ki veritab wòl Ministè afè sosyal nan peyi dayiti, (Mast) vinn ajoute lis yon seri ministè ki pa ofri ak popilasyon oken sèvis de kalite.

pradelsimeon24@gmail.com
44363396

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …