SENDIKA OAVCT AN KRITIKE KONPÒTMAN OTORITE KONSÈNE YO SOU KESYON GRÈV LAN

Depi anviron 1 mwa ak plizyè jou anplwaye OAVCT yo ap fè grèv kont komisyon teknik restriktirasyon an ki gen nan tèt li Wolf Dubic ( kòdonatè) ak Goethie Varnelle
Morency ( manb ) , epi Frantz Fils Bonhomme ( kòdonatè adjwen ) , akoz revokasyon sou kontrent bidjetè.

Daprè prezidan sendika OAVCT an Jean Grégory Alexis, prensipal koz lan se paske komisyon an ap fè revokasyon sou kontrent bidjetè aloske ofis asirans veyikil lan gen lajan pou peye anplwaye.

Prezidan sendika a deklare: << gen yon plan privatizyon pou bay Shérif Abdallah ak Olivier Barreau bwat OAVCT an>>

Yon sous ki vle rete anonim akòz divès menas te reyaji nan mikro Echo Jounal

<< komisyon an refigyel nan ministè finans aktyèlman >> konfye sous anonim lan.

<< konstitisyon an bay dwa pou manifeste, pou fè grèv, aloske pandan nap manifeste pa janm gen yon manm laprezidans, laprimati, ni ministè finans ki vin visite nou >> Selon sa Jean Grégory Alexis fè konnen.

Sous anonim lan ajoute ke problème lan se ministè finans ki fayi ak devwal antanke ministè titèl OAVCT.

<< Fok prezidan peyi an ak minis finans lan di yon mo, nou prè poun dyaloge, nou prè poun ouvè ak yon chita tande, tout anplaye ap tann sa pou yo travay, garanti nou bezwen fòk Jean Philistin Cadet ak junior lage epi fok anplwaye yo sispann revoke >> deklare Jean Grégory Alexis.

<< gen konsesyonè ki toujou ap renouvle asirans anba anba poutan lapolis toujou ap bay moun kontravensyon >> ajoute prezidan sendika.

Èske lapolis dwe bay moun kontravansyon pou asirans pandan ke OAVCT nan grèv ?

Steeve Ridoré

ridoresteeve@Gmail.com

(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …