DOSYE VYÒL CHANTÈ AYISYENO-KANADYEN AN, LUC MERVIL NAN PEYI CANADA

Lavi sitwayen e chantè  ayisyano-kanadyen an konplike pandan prosè a ap vanse sou agresyon seksyèl ke li te komet nan lanne 1996.

Avoka yo ki ap defann kòz la te mande jij responsab dosye a, Melanie Herbert yon pèn sis (6) mwa prizon pou chantè a.

Jij Herbert ki pa dakò ak demand lan fè konnen nan radio Canada nan yon atik  » Pèn mouche Luc Mervil la ta ka varye ant twa (3) mwa prizon (pandan lap rete nan prizon an 24 trè sou 24) epi lòt twa (3) dènye mwa yo li ap pase jounen nan prizon an epi nwit yo lakay li,selon lwa nan peyi Canada. Pandan ke li probab pou pèn nan prolonje a yon (1) lanne toujou selon atik la.

Chantè ayisyen an fè konnen li pare poul resevwa tout konsekans zak li nan moman prosè a pandan li profite prezante eskiz li bay viktim lan. »Fè sèks ak yon timoun disèt (17) lanne nan moman li te genyen ven ywit (28) lanne,se yon bagay ki pa ta dwe rive. Se yon aksyon kriminèl e mwen pare pou sipòte konsekans yo. » Daprè sa li eksplike nan tribinal.

Nan menm moman an li denonse tout medya kap voye moute,ki fè kwè li ta fèmen yon kote demwazèl la pandan plizyè lanne. » Se te mennaj mwen. Nou te renmen,te gen lanmou,te gen emosyon », sa li deklare devan jij la.

Yon lòt bò demwazèl la ke otorite jistis nan peyi Canada evite devwale non’l fè yon deklarasyon kote li eksplike tout konsekans li sibi apre vyòl la. Li eksplike se vyòl sila ki ta lakòz li pèdi vijinite’l.

Jij la, Mélanie Herbert ap prononse mo li sou dosye a lòt mèkredi

pradelsimeon24@gmail.com
44363396

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …