REAL MADRID KONNEN TRÈZYÈM TIT CHANPYON LI NAN LIG DÈ CHANPYON AN, CHRISTIANO BÒ KOTE PAL PRAN SENKYÈM TIT LI.

Real Madrid chanpyon pou yon trèzyèm (13èm) fwa nan final lig dè chanpyon an apre viktwa yo jodi samdi 26 me 2018 la sou Liverpool (3-1).

Karim Benzema ta pral ouvè skò a nan 50tyèm minit apre yon erè gadyen Liverpool la Lorius Karuis (1-1), Sadio Manè pat pran tan poul te egalize nan 54triyèm minit, Antrenè fransè a ki ta pral antre Gareth bale nan plas espayòl la Isco ta pral touye tout rèv anglè yo kote li ta pral make 2 gòl nan 63 epi 82zyèm minit (3-1).

Viktwa sa pèmèt ak pòtigè a Christiano Ronaldo ranpòte senkyèm lig dè chanpyon li kote li ranpòte kat (4) ak Real Madrid epi youn ak ekip Manchester United la.

Antrenè fransè a Zinezine Zidane vin premye antrenè ki ranpòte konpetisyon sa twa (3) fwa afile.

Ejipsyen an Mohamed Salah ta pral kite match la akoz li ta pral pran yon chòk nan yon kontak avèk kapitèn ekip Real Madrid la Sergio Ramos, tou swit apre Daniel Carvajal kite teren an sou blese.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …