Foutbòl : – MOHAMED SALAH ABSAN POU PI PITI 3 SEMÈN.

Entènasyonal Ejipsyen Mohamed Salah pa ta dwe jwe pandan 3 ak 4 semèn. Gen posibilite pou l pa jwe 3 match nan premye tou a pou ejip.

Blese samdi 26 me nan final Lig pou chanpyon yo fas ak Real Madrid (1-3), Mohamed Salah kapab pa prè pandan prèske yon mwa e sa bay dout kanta pou l ta woule balon pandan premye tou nan mondyal la nan peyi Russie, swit ak sa Ruben Pon, youn nan moun kap fè evalyasyon, tretman, prevansyon ak pwomosyon sante pou Liverpool deklare jounen madi 29 me 2018 la. Aprè jwè a fin fè egzamen, moun kap fè tretman ak prevansyon an kwè ke Salah ta bezwen egzateman ant «twa ak kat semenn » pou ke l ka retounen nan nòmal li swit ak blese l la nan zepòl goch.

Twa semenn kote mesye a (SALAH), pap la ta vle di atankan Liverpool la nan peyi angletè pap woule balon nan entèval 16 jen pou rive 23.
Anplis Mohamed Salah dwe jwenn fòm li, paske ekip li Ejip ap koumanse mondyal la 15 jen kap vini la a kont ekip Uruguay la, avan menm yal jwe fas ak Russie (ekip kap òganize konpetisyon) an nan dat 19 jen, an aprè ak Arabie Saoudite 25 jen pou dènye sòti yo nan gwoup la.

HUBENSON PAUL / ÉchoJounal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …