ZINEDINE ZIDANE DESIDE FÈ YON KRAZE KITE SA, ANTRENÈ FRANSÈ A PA DESIDE RETE NAN TÈT EKIPE REAL MADRID LA ANKÒ.

Antrenè fransè a, Zinedine Zidane ki te gen bò kote li Florentino Pérez ki se prezidan ekip Real Madrid la, bay yon konferans pou la près pou li anonse lap kite Real Madrid la.

Yon nouvèl ki etone tout fanatik foutbòl, apre sèlman 5 jou depi li sot genyen twazyèm (3yèm) koup lig chanpyon li nan peyi Ikrèn (kièv) anfas ekip Liverpool la, Zidane anonse lap kite ekip Real la.

Antrenè 45 lanne a ki poutan te anba kontra pou rive nan Jen 2020, bay desizyon li nan yon konferans pou la près apre li te fin pale sa avek prezidan ekip la, ke lap fè yon kite sa antanke antrenè Real Madrid.

 » Mwen pran desizyon sa pou’m pa kontinye karyè mwen antanke antrenè avèk Real Madrid. Mwen te pale sa ak Prezidan an pou’m te ka eksplikel kisa’m te panse. Se moman pou tout moun. Pou mwen, ekip la, tout gwoup la, mwen konnen se yon bagay ki sanzatann, men li enpòtan. Mwen te dwe fè sa pou tout moun. Sa mwen panse,  ekip sa dwe kontinye genyen e bezwen yon chanjman. Apre twa (3) lanne li bezwen yon lòt diskou, yon lòt metodoloji. Se poutèt sa mwen pran desizyon sa. Mwen renmen club la anpil e prezidan tou ki te ban mwen chans vin jwe isit la. Mwen dil mèsi pou tout lavim. Men jodi a, pou mwen se lè pou sa chanje ». Se pawòl Zinedine Zidane ki limenm deside demisyone nan pòs antrenè ekip espanyòl la Real Madrid apre de (2) lanne a

Yon desizyon ki pa sispann fè gwo deba nan medya ak tout fanatik foutbòl sou kisa ki ta lakòz Zidane ranje valiz li, ki enpak sa ap fè sou jwè yo kòm nou konnen li te famiyalizel avèk jwèl yo, kòman Real pral jwenn yon lòt antrenè, kiyès lap ye e ki filozofi li pral aplike pou ranje ekip sila?

Pradelsimeon24gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …