SPÒ: NEYMAR PRÈ POU FÈ YON GWO SAKRIFIS POUL KITE PSG POU LI ALE NAN EKIP REAL MADRID

Neymar prèt pou fè kèk konsesyon poul kite PSG pou Merenge yo.

Aktyèlman, lavni jwè a nan kè yon bann deba. Rimè yo ap miltipliye sou sijè fòsin Real Madrid la pou ofri tèt li sipèsta PSG a.
Kay Merengue yo, Florentino Pérez prèt poul fè kèk foli pou fèmen dosye sa ki parèt konplike anpil.
Nasser Khelaïf pa gen okenn lanvi pou bay Neymar. Poutan , bò kote brezilyen an selon medya iberik ABC, li prè pou rejwenn Real Madrid.

Yon salè mwens enpòtan nan Real Madrid ?

Nan dosye sila ABC fè konnen Neymar ta fè kèk nouvo revelasyon. Pou aktyèl jwè PSG a lajan pa yon pwoblèm .
Brezilyen an prèt pou redwi salè li pou favorize arivel kay Merengue yo, alòske Neymar ap touche aktyèlman 36M€ nan PSG pa sezon, li pap kont yon bès jiska 30M€, daprè deklarasyon li.

 

 

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …