DIFE: YON LÒT FWA ANKÒ TI MACHANN YO VIKTIM DE DIFE NAN MACHE DIPÒ.

Gwo dife pran nan lanwit lendi 11 jwen 2018 la pou rive madi 12 jwen an nan mache dipò anba lavil la.

Yon dife ki ravaje yon bon pati nan mache kote yo vann twal la, selon dènye nouvèl yo, dife sa koze anpil dega anpil pèt pou ti machann yo yon lòt fwa ankò.

Ponpye ki te rive sou plas pat rive ka rive evite plis dega akoz fòs dife a te gwo nég. Ti machann yo ki te aprann nouvèl sa se te gwo rèl dlo nan je pandan yo te kouri desann pou al gade si ya sove 2,3 machandiz men elas!

Nap raple pandan mwa fevriye 2018 la plizyè dife te pran nan mache anba lavil okenn limyè poko fèt pou jwenn tras ak orijin yo.

Jis kilè ti machann yo ap sispann moute kalvè sa?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …