SPÒ: GWO SEZISMAN AK GWO SIPRIZ NAN KLÈB REAL MADRID LA.

Madi 12 jwen 2018 la Real Madrid Bay tout moun yon sipriz kote li nome ofisyèlman Julen Lopetegu kòm nouvo antrenè ekip Real Madrid la, Julen Lopetegu  se aktyèl seleksyonè peyi Espay la.

Pèson pat atann ak sa alòske près espaynòl e Madrilèn nan pi patikilyèman te fokalize sou Antoine Griezmann.

Julen Lopetegu  ap pran fonksyon li apre koup di mond lan ki pral dewoule nan peyi Larisi soti 14 jwen kap vin la pou li bout 15 jiyè 2018. Espayòl la pral ranplase Zinédine Zidane sou ban merenge yo ki li menm bò kote pal te demisyone apre li te fin ranpòte yon twazyèm lig dè chanpyon youn dèyè lòt.

Pase pa real(ekip A e B) pandan karyè jwè li a,men egalman pa basa, Lepetegui (51 lane) te deja dirije castilla an 2008-2009. Answit kotch ekip jèn federasyon espanyòl yo e FC Porto ant 2014 e 2016.

Dezinyasyon’l otan plis enprevi resaman li te prolonje kontra li Jis 2020 nan tèt roja nan mondyal la.

Lap kite seleksyon espanyòl la pou konsakre ak Real li angaje pou (3) sezon.

Desrochesverdelines001@gmail.com
Tel:+509(48489359)

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …