CDM 2018 : – ESPAY : Antrenè Julen Lopetegui pa nan tèt ekip Espay la ankò.

Prezidan federasyon espanyòl la anonse jounen mèkredi a revokasyon rapid antrenè a, kote transfè li nan klèb espanyòl la (Real Maddrid) te konnen yè Madi a.

Dechennen kont Julen Lopetegui depi lè yo nonmen l, madi, ke lap gide Real Madrid, aprè koup di mond lan, prezidan federasyon espanyòl la Luis Rubiales fè konnen rapid rapid jounen mèkredi a : << Nou oblije separe’n de seleksyonè a.>>

Retounen an ijans madi nan lasware nan kapital peyi Russie, kote li ta dwe asiste nan kongrè FIFA a, Rubiales te klè avèk Lopetegui nan maten. Li te prezante devans laprès a inè trant minit reta pou anonse desizyon l. << Se yon jou konplike, nou gen yon pakèt ak anbann desizyon pou n pran.>>

Luis Rubiales pa santi l trayi

« Mwen pa santi m trayi, te deklare Luis Rubiales. Julen Lopetegui te fè yon bon travay e negosyasyon yo avèk Real Madrid te fèt san pa t gen kominikasyon avèk federasyon an, fòm lan te enpòtan, moun kap vin an aprè l la, nap travay sou sa. Nap fè konnen sa pita.>> Albert Celades, seleksyonè timoun ki gen pi piti 21 lane a e an aprè Lopetegui a, se li ki byen plase pou ranplase l.

Jwè yo, pa temwen kapitèn yo, Sergio Ramos, te tante fè pliye pozisyon prezidan an kote l li pote ranfò ak Julen Lopetegui, selon laprès nan peyi Espay.
<<Mwen gen yon relasyon sere avèk jwè yo, tankou mwen te pwòch Lopetegui. Se yon sityasyon konplike. Mwen pale avèk yo e sa mwen garanti yo, jwè yo pral fè tout sa yo konnen pou yo rive lwen nan konpetisyon an>>, di Ramos.

«Mwen pat konnen negosyasyon yo»

«Real Madrid tap chèche yon antrenè e li chèche pi bon an. Seleksyon an se ekip tout Espanyòl yo, e seleksyonè a travay pou federasyon an. Li pa ka fè bagay yo nan mannyè pa l e pou fè konnen sa an reta (…) Federasyon espanyòl la pa kapab mete okouran 5 mint avan ke yo fè sòti yon kominike>>, te pouswiv prezidan an, ki asire ke l pat konnen negosyasyon yo.>>

Hubenson PAUL
Facebook : Hubenson PAUL.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …