EDIKASYON:KOLÈJ CATHRINE FLON RANPÒTE FINAL KONKOU JENI ENTÈSKOLÈ A DEVAN KOLÈJ JUVENAT.

Meri kafou nan tèt kole ak Organisation Portail du Savoir Haiti (OPSH) òganize 3yèm konkou jeni entèskolè minisipal nan komin Kafou ki te demare 4 mas pase a epi bout dimanch 10 jen 2018 la.


Yon konkou ki te regwoupe sèz (16) lekòl nan komin lan (11 prive, 2 lise epi 3 kongreganis). Kolèj Catherine Flon pral ranpòte konkou sa sou kolèj Juvenat jou ki te dimanch 10 jwen 2018 la. Yon seremoni ki te dewoule anprezans
plizyè otorite nan komun lan pami yo : Majistra kafou a Jude Edouard Pierre, reprezantan OPSH, direktris lotri leta ayisyen an kòm envite donè, Marie Margareth Fortuné ki se yon ansyèn elèv ekip chanpyon an, kolèj Catherine Flon, reprezante ansanm lekol yo elatrye.

Nan okazyon an responsab kolej chapyon an pwomèt pou kontinye wout eklere sa pandan yo repete pawol yon ekriven ,Edgard La Selve ki di: » POUR MERITER L’ESTIME IL N’EST PAS INDISPENSABLE D’AVOIR FAIT DE GRANDE CHOSE,IL SUFFIT DE LES AVOIR TENTÉES. » Se te yon fason pou ankouraje elev lekol yo fè plis efò pou reyisi objeftif yo epi prepare yon demen meyè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …