KOUP DIMOND: GWO KRIZ NAN SELEKSYON ESPAY LA APRE REAL MADRID FIN ANONSE JULEN LOPETEGUI KÒM NOUVO ANTRENÈ MEZON BLANCH LAN.

Federasyon Espanyòl foutbòl la revoke Julen Lopetegui kòm antrenè ekip Espay la kèk tan apre dirijan madrilèn yo fin anonse Lopetegui kòm nouvo antrenè mezon blanch lan.

Prezidan federasyon Espay foutbòl la Luis Rubiales revoke Julen Lopetegui nan tèt seleksyon Espay la e ranplasel pa ansyen jwè ekip Real Madrid la Fernando Hierro, prezidan an pran desizyon sa kèk èd tan apre ke Julen Lopetegui aksepte pran tèt ekip Real Madrid la e siyen yon kontra 3 lane ak merenge yo.

Prezidan an ki  anonse nouvèl la nan yon konferans pou la près fè konnen federasyon an pat okouran de negosyasyon ekip Real la ak antrenè a, senk (5) minit apre tout desizyon fini se lè sa lap okouran.

Espay ap gen pou jwe premye match li vandredi 15 jwen 2018 kap vin la ak seleksyon Pòtigal la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …