Ekip Lafrans lan te bat Ostrali anba anpil difikilte pou premye match li nan koup dimond lan, Nan Kazan(2-1).
Nan yon rankont kote teknoloji a te jwe yon wòl desizif, Ble yo te montre kèk karans nan tout sektè jwèt la fas ak ekip Ostrali a ki te evolye nan yon nivo ke pèsonn pat atann.
Antrenè Lafrans lan Didier Deschamps ak jwè li yo ka di mèsi ak teknoloji a.
Se gras ak 2 desizyon, youn swit ak vizyonay videyo, lòt la <<goal line technology>> ke Lafrans te rive bat ekip advès la, Ostrali, ki te pi koryas ke jan yo te panse a.
Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)44987760