RISI2018: RANKONT AJANTIN VS ISLANN LAN FINI 1-1, MESSI RATE YON PENALITE DESIZIF

Premye match group D an fini 1-1 Nan estad spartak ( Otkrytie Arena ) nan vil Moscou jodi samdi 16 jen 2018 lan.

Abit santral Polonè an Szymon Marniak kigen 37 lane sou tèt li te ofisye bèl rankont sa. Match la te vreman ekilibre, Sergio Agüero te make premye gòl rankont lan nan 19è minit. A. Finnbogason tapral egalize pou islann nan 23è minit.

Lionel Messi rate yon penalite ki te desizif pou ekip ajantin nan,  ajanten an vin premye jwè ki rate penalite nan koup dimond RISI2018 la.

Gadyen ekip islann lan Halldorsonn jwe yon gwo match nan premye rankont yo pou mondyal la e eli lòm di match la.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com

(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …