RISI2018: KOSTA RIKA PÈDI DEVAN EKIP SÈBI AN 1-0 AK YON GÒL POU A.KOLAROV NAN 56′

Premye match pou jodi an kite mete Kosta Rika anfas EKiP Sèbi an pou premye konfrotasyon de ekip yo nan nan koup dimond fini 1-0 nan avantaj sèbi nan estad Samara Arena avèk yon gòl A. Kolaròv nan 56′.

Antrenè Kosta Rika Ó. Ramirez te kanpe ekip lan an 3-4-2-1,poutan rival liyan M. Krstajić te kanpe pal lan 4-2-3-1.

CHANJMAN:
– nan 60′ J. Vengas mitan teren Kosta Rika soti, C. Bilanos #7 ranplasel.
-67′ M. Urena atakan kosta Rika desann , J.Cambell ranplasel.
– 70′ A.Ljajić mitan teren Sèbi an soti, F.Kostić #17 rantre pou ranfòse mitan teren an .
-73′ D.Guzmann mitan teren Kosta Rika soti , D.Colindrenes #9 rantre.
-Dènye chanjman match lan se nan 90′ A.Mitrović #9 soti pou Sèbi ,A .Prijović #8 rantre.

Katon jonn :
– F.Calvo Mitan teren Kosta Rika pran yon katon jonn nan 22′ .
-D.Guzmann 56′ ( Kosta Rika)
– B.Ivanović #6 sèbi yan nan 59′ .
-prijović pran dènye katon Match lan nan 90+8 .

Se premye fwa ekip Ekip Kosta Rika ak Sèbi rankontre nan koup dimond.

Kosta Rika Kalifye nan 5 edisyon faz final koup dimond nan istwal. E Kosta Rika se youn nan 3 ekip kipat pèdi nan mondyal 2014 lan.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com

(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …