EMRE CAN SIYEN KÒM AJAN LIB ANNDAN KLÈB JUVENTUS LA.

Klèb ki nan kè vil Turin an nan peyi Italie (Juventus) deja konte yon jwè ki vin ranfòse yo. Emre Can kounye a angaje avèk ‘Vieille Dame’ lan jis rive nan lane 2022. Li rive gratis sot nan peyi angletè anndan klèb Liverpool la.

Klèb italyen an fè konnen rive ofisyèlman milye teren entènasyonal alman an, jwè tou nèf sa a ki pral pote men fò ak Juventus Turin.

« Juventus anonse Emre Can siyen yon kontra ak klèb ‘bianconero’ a ki lye li sòti 1e jiyè 2018 rive nan lane 30 jen 2022 », fè konnen klèb la sou sit entènèt li.

Jwè a pral pote nimewo 23, menm nimewo li te abitye jwe nan Liverpool. Can pase vizit medikal jounen Jedi a e deja prè pou kòmanse jwe avèk klèb tou nèf li (Juve) ki se chanpyon nan peyi Italie.

Kontra Emre Can avèk Liverpool ta dwe fini 1e jiyè e li pa pwolonje l.
Juventus pwofite pou fè vini jwè aleman 24 la a gratis.

FB : Hubenson PAUL.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …