PREZIDAN SID KOREYEN PYONGYANG POKO DI ANYEN SOU DESTRIKSYON SIT ESE BAZILIK LA.

Sit esè bazilik ke dirijan nò-koreyen an te promèt poul te detwi lè somè li an semèn pase a avèk prezidan ameriken an Donald Trump te idantifye: li se yon pa de tir Sohae, se sa kèk responsab ameriken deklare bay laprès.
Ipotetik destriksyon sa sanble ap yon senbòl fò, men anyen pa konfime ofisyèlman pa rejim Pyongyang nan.

Pa tir Sohae a, plase nan nòdwès Kore dinò a anfas lanmè jòn nan, se yon nan prensipal sit esè misil nò-koreyen an.
Se la ke rejim nan te pwosede nan lane 2012 nan premye lansman li an ki te reyisi ak fize long.

Sit la dispoze de yon ranp ki ka pèmèt kèk esè statistik motè pou misil entèkontinantal yo tankou Hwasong-15.
Kèk angen kapab, nan teyori, atenn teritwa ameriken an.

Dirijan nò-koreyen an King King-un fè yon jès senbolik fò lefèt kel pwomèt Donald Trump lap detwi enfrastrikti sa yo, King Jong-un deside poul montre bon volonte li.

Okenn dat pat avanse, epi imaj satelit yo montre ke sit lan toujou kanpe. Nan Séoul , kèk analis relativize pòte yon evantyèl demolisyon: Li raple ke Pyongyang dispoze lòt sit esè…epi rejim nan posede deja kèk motè toutafè operasyonèl.

Lisa Ridoré
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)44987760

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …