KIJAN OU DWE ABIYE POUW ALE NAN YON MARYAJ, KI KOULÈ OU DWE METE E KI JAN DE MAKIYAJ OU KA FÈ.

Kisaw dwe konnen avanw al nan yon maryaj?

Lèw pral nan yon maryaj ou dwe konn ki estil rad pouw mete epi ki koulè.

Siw se yon fi ou dwe evite mete blan, krèm kit rad la bèl ou pa , paske jeneralman se koulè sa fi kap marye yo souvan mete ou pa dwe parèt menm jan ak li paske se joul, yon sèl fasonw ka mete rad sa yo se si yo mansyone sa nan kat maryaj lan. Evite mete tout saw panse yon fi kap marye ka mete antèm rad, bijou.

Medam sispann mete rad ki gen koulè chanpay paske yo rezève koulè sa pou marenn osinon manman moun kap marye yo.

Maryaj pa yon kanaval, yon makiyaj senp ap pi bèl ke yon makiyaj konplike evite mete gwo koulè do je anplis pa mete vèni gwo koulè nan zong nou. Menmsi maryaj lan ap fèt nan sware evite mete rad ki twò briye.

Pou fi ki renmrn al nan maryaj ak gwo valiz yo mete yo nan yon kwen pou yon lòt okasyon, yon ti bous ap pi bon.

Menm jan pou fi yo gason yo dwe evite mete chemiz blan menmsiw ta metel ak yon pantalon lòt koulè , paske yo ka pranw pou moun kap marye a.

Lisa Ridoré
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)44987760

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …