RISI2018: EKIP BÈLJIK LAN KRAZE FÒMASYON TINIZI YAN AK YON ESKÒ (5-2)

Seleksyon Bèljik lan kraze Ekip Tinizi an ak (5-2) nan Estad Spartak lan gras ak yon double pou E. Hazard 6′ (penalite), 51′. Epi R. Lukaku make de gòl tou nan 16′, 45+3′ ak M. Batshuayi 90′. Jwè ki make pou Tinizi se D. Bronn nan 18′ ak W. Khazri 90+3′.

Fòmasyon Bèljik lan te Kanpe an 3-4-2-1, epi Ekip Tinizi te jwe an 4-3-3.

CHANJEMAN BÈlJIK :

1) M. Fellaini #8 ranplase R. Lukaku nan 59′.
2) M. Batshuayi #21 rantre nan plas E. Hasard nan 68′.
3) Y. Tielemans #17 ranplase D. Mertens nan 86′.

CHANJMAN TINIZI:

1) H. Naguez #21 ranplase D. Bronn #11 nan 24′.
2) Y. Benalouane #3 rantre nan plas S. Ben Youssef #2 nan 41′.
3) N. Sliti #23 ranplase F. Sassi nan 59′.

KATON JONN:

1) F. Sassi (Tinizi ) nan 14′.

Se match foutbòl sa kigen plis gòl nan koup Dimond lan.
Bèljik pèdi sèlman yon match anfas Tinizi ( 2 viktwa, 1 nil).
Bèljik poko janm Pèdi pandan 4 match anfas Ekip Afriken yo (3 viktwa, 1 nil).

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com
(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …