ANSYEN PREZIDAN REPIBLIK LA LYETNAN JENERAL HENRI NAMPHY.

Lyetnan-jeneral Henri Namphy, ansyen prezidan Repiblik la, mouri madi 26 jen 2018, dapre yon sous pwòch ak fanmil.

Prezidan konsèy nasyonal gouvènman(CGN) soti 7 fevriye 1986 pou rive 7 fevriye 1988, li retounen sou pouvwa a 20 jen 1988 pou rive 17 septanm 1988, nan swit koudeta kont Leslie François Manigat.

Lyetnan-jeneral Henri Namphy fèt jou ki te 2 novanm nan lane 1932 a, Namphy te pase tout vil nan fòs lame Dayiti a(FADH) .

Henri Namphy te soufri kansè nan poumon goch li , li te gentan atenn estad 4 lèl te detekte sa dapre medsen li yo, konfye yon manm nan fanmil , vèv ansyen prezidan René Préval, Elisabeth Débrosse Préval, jwenn pa jounal, madi 26 jen an nan fen aprè midi an.

<<Namphy te pase yon mwa lopital epi 2 dènye semèn sa yo etal te detèryore. Mwen te pase 5 jou avèl. Henri te esprimel avèk anpil difikilte>>, esplike Elisabeth Débrosse Préval.

<<Henri Namphy te dirije peyi a pendan yon peryòd <<difisil anpil>> yon peryòd tranzisyon pou ale nan demokrasi ke nou ye jouk jounen jodia>>, obsève Elisabeth D.Préval.

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)44987760

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …