RISI2018: BREZIL JWENN BIYÈ POU LI AL JWE UITYÈM DE FINAL APRE VIKTWA YO SOU EKIP SÈBI A (2-0).

Seleksyon Brezil la kalifye pou uityèm de final apre viktwa yo sou ekip Sèbi (2-0) jodi mèkredi 27 me 2018 la.

Ekip Brezil la ki tap twoke kòn li ak ekip Sèbi a nan stad Spartak nan peyi Larisi fè yon viktwa (2-0), kote nan 36zyèm minit Paulinho ta pral make premye gòl epi Thiago Silva ta pral make dezyèm gòl la sou yon kònè sta brezilyen Neymar  ta pral choute nan 68tyèm minit.

Brezil ki soti premye nan gwoup E a ak 7 pwen pral rankontre ekip Meksik la ki soti dezyèm nan gwoup F la ak 6 pwen 2 jiyè kap vin la a dizè (10h).

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …