RISI2018: MALGRE YON MATCH NIL DEVAN EKIP KOSTA RIKA A (2-2) LASWIS VALIDE POU 8TYÈM DE FINAL

Laswis jwenn biyè pou 8tyèm de final apre match nil yo devan ekip Kosta rika jodi mèkredi 27 me 2018 la.

Ekip Laswis la ki te gen randevou ak Kosta Rika nan stad Nijni Novgorod fini (2-2), Laswis ta pral ouvè skò a nan pa Blerim nan 31nyèm minit, Kendall Waston ta pral eglize pou Kostarika nan 56zyèm minit, sa pat rete la Josip Drmick ta pral make yon dezyèm gòl pou Laswis nan 88tyèm minit, Yann Sommer ta pral make yon gòl kont kanl sa ki ta pral pèmèt Kostarika jwenn avantaj match nil la.

Laswis fini an dezyèm pozisyon nan gwoup E a pral rankontre ak Laswèd ki fini an premye nan gwoup F la 3 jiyè a dizè (10h).

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …