DIRIJAN EKIP REAL MADRID YO AP TANTE PLIZYE OPSYON POU YO KAPAB JWENN SEVIS STA BREZILYEN AN NEYMAR

Tele Madrid afime ke dirijan Real Madrid yo envizaje pou mete lajan de kote pou si yo ta jwenn okazyon pou pase nan aksyon pou ofri ekip lan Neymar.
Pou rekrite jwè PSG, Florentino Perez estime ke sa ap mobilize alantou 300ME.
Epi Mereng yo pa gen lòt solisyon ke vann youn ou plizyè jwè pou yo ka gen yon pwisans finansyè. Desizyon sa te pran pou aksepte vann Marco Asensio bay Liverpool, Reds yo te pwopoze pou peye 180ME pou milye teren sa, pou kounya nan peyi Risi avèk ekip Espay lan.

Gras ak sòm sa ki ka menm atenn 200ME epi lòt operasyon, prezidan Real Madrid lan kapab prè pou bondi epi fè yon òf kolosal ak Nasser Al-Khelaifi pou jwenn li , li aksepte vann Neymar . Entèwoje sou sijè sa, Marco Asensio tape yon touch.<<Se pa moman poun pale de bagay sa>> , reponn jwè madrilèn nan , ki ap prepare uityèm final ke ekip Espay lan ap jwe dimanch sa kont ekip Risi a. PSG kapab dòmi trankil.

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)44987760

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …