Ekip Korasi a sèl mèt nan gwoup D a apre viktwa yo (2-1) sou ekip Island lan.
Korasi bat tout moun nan gwoup D a li pase ekip Nijerya a (2-0), Ajantin pran (3-0) epi ekip Island lan pran (2-1) apre twazyém viktwa sa Korasi soti nan gwoup D a ak nèf (9) pwen epi valide biyèl pou 8tyèm de final.
Korasi make sèt (7) gòl nan konpetisyon an e li pran sèlman yon grenn gòl.
Korasi ap gen pou li rankontre ekip Dannmak la nan 8tyèm de final jou kap dimanch 2 jiyè 2018 la a 2h.