AYITI POLITIK: JEAN HENRY CEANT KONDANE TOUT MENAS KAP FÈT SOU PALMAN AN.

Biwo kominikasyon premye minis la nonmen an , Jean Henry Céant , kondane ak tou fòs li yon videyo chaje ak menas kont palman an Ki gaye sou rezo sosyal yo.

Nan yon nòt biwo a mete deyò ayè jedi 16 out 2018 la, Jean Henry Céant di okenn sektè pa gen dwa fè vyolans sou manm youn nan (3) twa pouvwa leta a yo.

Premye minis nonmen an an raple se konstitisyon an ki bay nesans ak pouvwa lejislatif la pandan li Voye jete tout mannèv ki vize diminye valè enstitisyon leta yo , toujou daprè sa ki nan nòt la.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …