ENFO PI LWEN LAKAY: ANSYEN SEKRETÈ JENERAL ONI AN KOFI ANNAN MOURI.

Ansyen sekretè jeneral òganizasyon tout nasyon yo ( ONU, sig nan lang fransè) ak pri nobèl lapè , Kofi Annan vale vale dlo bouch li jodi samdi 18 out 2018 la , daprè sa fanmi li anonse nan yon kominike.

San bay twop detay , pwòch defen an siyale diplomat la mouri  » nan lapè  » aprè  » yon ti bout tan li te fè malad.

Li pral manke anpil moun nan lemond , tankou nan ekip fondasyon li a, menm jan ak Ansyen kòlèg li yo nan ONU.

Peyi Gana , kote lonbrit Kofi Annan te antre , deja anonse yon semèn dèy pou
Bay yon dènye ochan ak kòkennchenn sitwayen sa.

Kofi Annan te sekretè jeneral soti lane 1997 pou rive 2006. Ganeyen an te ranpòte pri nobèl lapè nan lane 2001.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …