ETAZINI JISTIS: MANM JIRI PWOSÈ PAUL MANAFORT, ANSYEN KONSEYE PREZIDAN AMERIKEN AN DONALD TRUMP RIVE SOU DEZYÈM JOU DELIBERASYON YO.

Ansyen chèf kanpay elektoryal prezidan Donald Trump , Paul Manafort. Foto sketch sa a montre Manafort nan tribinal kote lap reponn akizasyon pou fwod bankè ak fiskal, akizasyon sa yo se rezilta ankèt pwokirè espesyal Robert Mueller ap mennen sou entèreferans lari nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la ozetazini .

Washington DC – ozetazini , nan moman manm yon jiri ap fè deliberasyon pou yon 2èm jou youn aprè lòt pou yo deside ki vèdik pou yo pwopoze kont yon Ansyen chèf kanpay elektoryal prezidan Donald Trump, lidè ameriken an deklare  » pwosè sa a se yon veritab tristès. »

Pandan misye Trump tap pale ak laprès vandredi nan la mezon blanch , li fè konnen « mwen panse afè pwosè kont Manafort la se yon bagay ki trè tris lèw byen gade sa kap nan tribinal la. An fèt , se pou yon ti bout tan li te travay pou mwen ; men mwen kapab di nou ke daprè mwen misye se yon trè bon moun. Daprè mwen se trè tris sa yap fè misye la a. »

(3) twa avoka kap defann Paul Manafort yo se ; Richard Westling , Kevin Downing, Thomas Zehnle .

Jiri a, ki gen 6 fanm ak 6 gason ladanl te reyini pandan 7 èdtan jedi 16 out la nan yon tribinal nan eta vijinil , tou pre Washington. Yo te poze jij la (4) kat kesyon ; youn nan yo se kesyon pou yo te mandel plis limyè sou egzijans lajistis fè yo pou yo  » pa genyen okenn dout ditou sou kilpabilite anize a . » si se pa sa, yo pa kapab kondane akize sa a .

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …