AYITI PETWOKARIBE: PLIZYÈ SANTÈN MILYE MOUN PRAN LARI POU MANDE LIMYÈ SOU LAJAN PETWOKARIBE A.

Ayè mèkredi 17 oktòb 2018 la plizyè santèn milye moun pran lari nan lakou Pòtoprens, Okay, Jakmèl, Okap, Senmak ak kèk lòt vil nan peyi a pou mande limyè sou depans lajan petwokaribe a.

Branch bwa, pankat nan men se konsa plizyè jèn fanm jèn gason granmoun te marye vwa yo ansanm nan divès kwen nan peyi Dayiti pou mande pou limyè fèt sou depans lajan petwokaribe a.

Moun yo ki trè solidè pandan tout pakou yo nan kapital la te pakouri divès kwen nan Pòtoprens tankou aviyasyon Bèlè Dèlmas 2, Dèlmas 18, kafou awopò, Petyon vil, Lali poun site zòn sa yo.

Lapolis ki te prezan pandan tout pakou yo te fè yon travay pwofesyonèl, a chak fwa kèk nan manifestan yo te tante fè dezòd nan mete barikad chak kote yo pase e atake kèk antrepriz lapolis te fè entèvansyon san twòp britalite.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …