AYITI POLIS: MANLEY FERDINAND,YON CHÈF BANDI TONBE NAN TIRE AK LAPOLIS

Chèf bandi Manley Ferdinand mouri yèswa ki te jedi 18 oktòb 2018 la nan tire ak lapolis nan komin Akayè.

Nan yon operasyon lapolis mennen yèswa nan lokalite Laba nan site drapo a, yon lokalite ki pa twò lwen ak komisarya Sen Meda a chèf bandi Manley Ferdinand mouri nan tire ak lapolis e kèk solda li ta pran bal selon enfo nou rive jwenn de yon abitan kap viv nan zòn nan.

Manley gen non li site nan divès zak ki fèt nan komin Akayè, yon komin dènye tan sa yo ki trè frajil nan kesyon ensekirite a sitou sou wout nasyonal la ke bandi yo achte pou lajan kontan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …