SPÒ PILWEN LAKAY: EKIP LEVANTE A FÈ REAL MADRID LA BWÈ LWIL LAKAY LI.

Real Madrid konnen yon nouvèl defèt devan ekip Levante a samdi 20 oktòb 2018 la nan Santiago Bènabero a (1-2).

Ekip Real Madrid la ki tap resevwa ekip Levante a konnen yon twazyèm defèt nan Liga a, byen bonè nan setyèm minit Moralés ta pral ouvè skò a pou Levante epi Roger ta pral mete madrilèn yo nan mache prese kote li ta pral make yon dezyèm gòl nan trèzyèm minit (0-2), Marcelo ta pral make yon gòl pou mezon blanch lan nan 72zyèm mint (1-2).

Match sa ekip Real Madrid la pèdi a metel nan yon sityasyon trè difisil, madrilèn yo okipe setyèm plas la nan liga a pou nèf (9) jounen ki gentan jwe ak 14 pwen.

Men kijan klasman prezante pou nevyèm jounen liga a.
1FC Barcelone18
2Espanyol17
3Deportivo Alavés17
4FC Séville16
5Atlético Madrid16
6Valladolid15
7Real Madrid14
8Levante UD13
9Getafe CF12
10Betis Séville12
11Real Sociedad11
12SD Eibar11
13Celta Vigo10
14Valence10
15Villarreal9
16Girona FC9
17Athletic Club8
18CD Leganés8
19Rayo Vallecano5
20SD Huesca5

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …