ESPO LIGA: EKIP FC.BARCELONE NAN IMILYE EKIP REAL MADRID LA NAN KANNOU AN (5-1).

FC.Barcelone pase ekip Real Madrid la yon rakle jodi dimanch 28 oktòb 2018 la pou dizyèm jounen liga a ak yon Louis Suarez ki te an demon nan pwent atak ekip katalan an.

Malgre sta Barcelone nan Lionel Andrés Messi pat prezan sou teren an sa pat anpeche katalan yo fè diferans lan, byen bonè nan onzyèm minit brezilyen an Coutinho ta pral make, nan trantyèm minit irigweyen ta pral jwenn yon penalite ke li ta pral make dezyèm gòl match la, Marcelo ta pral redui  skò a pou Madrilèn yo nan senkantyèm minit, sa pa ta pral rete la Luis Suàres ta pral make de lòt gòl (75’ 83’) ki ta pral touye tout espwa madrilèn yo epi Aturo Vidal ta pral fèmen vàn nan ak yon dènye gòl (87’).

Apre Real Madrid fin pèdi  match sila li tou okipe nevyèm plas nan chanpyona a epi ekip FC.Barcelone nan pran premye plas la.

Men kijan sa te ye pou dizyèm jounen liga a:

Valladolid -Espanyol Barcelone (1-1)

Girona -Rayo Vallecano (2-1)

Athletic Bilbao -FC Valence (0-0)

Celta Vigo -Eibar (4-0)

Levante -Leganes (2-0)

Atletico Madrid -Real Sociedad (2-0)

Getafe -Betis Séville (2-0)

Barcelone -Real Madrid (5-1)

Alavés -Villarreal (2-1)

FC Séville– Huesca (2-1).

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …