AYITI/CHILI: 181 AYISYEN KI TAL CHACHE LAVI MIYÒ NAN PEYI CHILI RETOUNEN LAKAY

*, »Yon avyon ki sot chili transpòte 181 ayisyen jodi lendi a « *

Aprè premye avyon kite ateri ak ayisyen ki sòti chili semèn ki sot pase a ,jodi lendi 26 novanm nan ,jan sa te prevwa yon 2zyèm avyon ateri sou pis ayopò a ak 181 ayisyen

Imigran sa yo ki yon lòt fwa retounen sou tè natal yo pat pran tan pou eksprime enkyetid yo sou mòd vi yo tap mennen nan peyi chili

« Pagen travay ,pagen pagen kòb , pou achte manje ,ni pou peye bil kay pou rete » sa se kri youn nan imigran yo ki te gentan gen 1 an ak kèlke mwa Chili

 » mwen pat jwenn travay, se yon zanmi kite banm fè kèlke jou lakay li finalman mwen santim wont mwen oblije pwofite de vòl la poum retounen nan peyim menm ke se yon patat mwen konnen map jwenn poum manje chak jou, » jèn sa kap degaje ankyetid li, menm ale pi lwen pou di ,pou ayisyen li kite chili ki manifeste santiman pou retounen ayiti ta sanble se sou kawoutchou yap pote yo

Timoun, jèn, granmoun, sila yo ki pat epanye anba menas la vi di ki genyen chili depi byen lontan ki pat konnen ki sen pou rele pa pran tan pou pwofite de vòl gratis sa kote otorite yo mete pou tout ayisyen ki vle kite tè peyi chili volontèman

 

Tél:+50948130891
Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …