Administratè komin Gonayiv la, Neil Latortue lanse pandan wikenn nan rekonstriksyon pon Riyèl Abraham nan, Zòn Raboto, ki te nan move eta depi plis pase dis (10) lane.
M. Latortue fè konnen ekip enjeniri minisipal la gentan pran tout dispozisyon pou reyalize yon travay dirab.
Selon premye sitwayen komin Gonayiv la, otorite yo debloke an 300 000 goud pou ekzekite chantye sa ki vize amelyore kondisyon vi moun kap viv nan katye a
Kredi foto: radio kiss fm
Rolguy Docteur