AYITI ATELYE: YON ATELYE REFLEKSYON ÒGANIZE NAN GONAYIV POU MAKE JOUNEN ENTÈNASYONAL LIT KONT VYOLANS SOU FANM NAN.

Kòdinasyon depatmantal Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan Latibonit òganize, dimanch 25 novanm 2018 la, yon atelye refleksyon nan Gonayiv pou make Jounen entènasyonal lit kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi yo.

Responsab enstitisyon an, Madam Jeanne Bolivar, endike aktivite sa se yon mwayen pou sansibilize popilasyon an sou enpak negatif zak vyolans yo genyen sou viktim yo.

Selon reprezantant ministè fanm nan, chak fwa yon fanm ak yon tifi viktim vyolans, chans pou li reyisi nan sosyete a redui anpil. Jeanne Bolivar envite moun nan kominote yo pote kole pou kwape tout fòm vyolans yo.

Nan yon rapò responsab biwo rejyonal Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan, Jeanne Bolivar, fè konnen komin Gonayiv se zòn plis vyolans fèt sou fanm. Kòdonatris la di vyolans konjigal ak ekonomik se de (2) prensipal ka, biwo a anrejistre.

 

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …