AYITI JISTIS: JIJMAN BRANDT LAN REPÒTE POU MADI KAT (4) DESANM KAP VIN LA.

Jijman Clifford Brandt lan Kite pwograme pou jodi Madi 27 Novanm sa,repòte pou Madi 4 Desanm kap vini la daprè sa yonn nan avokal yo kise mèt Marc Antoine St Vil ki asosye ak avoka Brandt yo kite soti Nan kapital la kite vin asire defans akize a kise Clifford Brandt nan vil gonayiv.

Mèt st vil pale de rezon sekirite kilakoz Brandt ak lòt moun ki akize Nan dosye kidnaping kite fèt Sou 2 pitit moscosso yo Nan lane 2012 Nan kapital la.

Pou konnya tout je fikse sou dat 4 Desanm lan pou konnen eske fwa sa Brandt ak akolit liyo ap prezan nan jijman Sila Kou kasasyon te voye vin refèt nan site endepandans lan.

Tribinal kriminèl la nap raple te konpoze de juj pierre Michel Denis kite prezide odyans lan,me Sérard Gasius ak mèt Vanel Amisial,plis met Rosemond Alcide te jwe wòl Ministè piblik daprè konfrè nou Amos Aléctine Kite prezan nan sal odyans lan.

 

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …