Yon gwo deblozay parèt tèt li nan komin Bomon aprè midi 27 novanm 2018 la apre yon polisye ta tire yon chofè moto selon enfòmasyon yo.
Aksyon sila ta pral soulve kòlè kèk moun nan popilasyon an ki te atake sou komisarya vil la epi mete dife ladann, polisye yo te gentan chape poul yo pou pat pase anba woulo konpresè popilasyon an ki te pran lari a,
Majistra prensipal komin lan Alexis Faveur ki tap reaji sou yon stasyon radyo nan kapital la fe konen manifestan yo ta pote ale kek zam nan sou komisarya a pandan yo tap sakajel e mete dife ladann.
Bazile Solon