ESPÒ: *100è VIKTWA NAN LIGUE DES CHAMPIONS POU CRISTIANO RONALDO*

*Cristiano Ronaldo vini premye jwè ki rive fè 100 viktwa nan ligue des champions. Yon gwo rekò pou jwè pòtigè a ki ap rantre chak jou pi plis nan istwa konpetisyon sa* .

Anyen pa bloke Cristiano Ronaldo, aprè li te finn kite Real Madrid club kote li te ranpòte 3 ligues des champions youn kole ak lòt jwè pòtigè a rive dekwoche yon lòt rekò ayè madi a ak nouvo club li Juventus de Turin.

Titilè ak pasè desizif nan viktwa club li Juventus de Turin fè sou Valence (1-0) CR7 vini premye jwè ki rive fè 100 viktwa nan pi gwo konpetisyon ewopeyen nan zafè club.

Ansyen madrilèn nan ki te deja meyè bitè (60 gòl) ak pasè desizif (42 pas) nan istwa C1 an ap mennen kounya nan kantite viktwa yn jwè rive fè nan konpetisyon sila avèk posiblite pou’l kontinye ogmante kantite viktwa’l plis ke club li Juventus Turin gentan kalifye pou 8è de final avan dènyè jounen faz de gwoup yo.

 

Michelet ALCIDOR

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …