AYITI MEMWA: 28 NOVANM 1985 28 NOVANMM 2018 33ZAN.

28 Novanm 1985- 28 Novanm 2018 safè egzakteman 33 lane depi 3 jenn elèv lekòl te mouri anba bal militè kite kantone nan kazèn Tousen Louvèti(Toussaint Louverture) kite nan site endepandans lan te pèdi lavi yo.

3 Jenn elèv sa yo sete Mackenson Michel, Daniel Israël api jean Robert Cius nan moman te gen anpil manifestasyon kitap fèt nan tout peyi a kont ansyen prezidan avi Jean Claude Duvalier kite prezidan nan epòk la, e se aprè lanmò ti mesye sayo prezidan te finalman rache manyòk li poutal nan kanpe lwen nan peyi lafrans ak tout Fanmi l.

Pami moun kite nan tèt mouvman gonayiv yo nan epòk sa sete Jean Pierre alyas jean tatoune ki mouri sibitman lane pase nan katye jibile kotel te abite, pou memwa jèn sayo se sèlman yon lise nan katye Raboto kipote non jean Robert Cius lòt non 2 lòt yo pa vrèman gen anyen kifèt pou kenbe memwa yo anvi nan site endepandans lan,sevre sou ansyen majistra kominal Gonayiv la Joachim Stéphen Moïse,alyas Topa te fè kanpe 3 Poto nan wonpwen kipiba lise Fab Nikola Jefra( Farbre Nicolas Géffrard) Kotel te konte mete 3 estati mesye yo sou tèt Poto yo nan sousi poute raple jèn kap vini yo sak te pase yo,men tou poute kenbe vivan memwa ti mesye yo malerezman Poto sayo la men estati yo pajanm mete jis majistra te oblije pati akoz mouvman dechoukaj kite genyen kont li an 2004 sou ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide.

 

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …