ESPÒ/KLASMAN FIFA: AYITI PA FÈ YON PA KITA NI YON PA NAGO.

FIFA pibliye ayè jedi 29 novanb 2018 la kalsman ofisyèl li pou mwa novanb lan. Seleksyon nasyonal Ayiti a toujou okip 103è plas mondyal nan Klasman sa ke ekip Bèljik la toujou kontinye ap domine.

Malgre li te sibi yon gwo defèt (5-2) devan ekip la Swis la nan lig des nasyon UEFA seleksyon Bèljik la toujou rete nan tèt klasman FIFA pou mwa novanb lan avèk 1727 pwen, touswit aprè li ekip la Frans lan ki te pèdi tou devan la Woland (0-2) okipe 2è plas klasman sa pou sèlman yon grenn pwen diferans (1726). Sou 3è mach la ekip Brésil la ki rete sou de viktwa youn kole ak lòt rive totalize 1676.

Rès ekip ki konplete top 10 la se:
4èKwasi:1634
5è)Angletè:1631
6è)Pòtigal:1614
7è)Irigwe:1609
8è)Swis:1599
9è)Espay:1591
10è)Danemark:1589

Kanta pou seleksyon nasyonal nou an li toujou okipe 103èm plas mondyal. Avan piblikasyon klasman sa Ayiti te fè yon bèl viktwa (2-0) kont Nicaragwa ak yon defèt (0-1) devan Salvador.
De (2) rezilta opoze sa yo pa chanje anyen pou Grenadye nou yo ki toujou okipe 103è plas mondyal ak 11è plas nan zòn CONCACAF la avèk 1216 pwen.

Micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …