ESPÒ: RACING FC PA RIVE JWE AK EKIP VALANCIA A POU DÈNYE JOUNEN KLOTI CHANPYONA NASYONAL PREMYE DIVIZYON AN.

Match Valancia de Leyogàn ak Racing FC Gonayiv la pa rive jwe ayè dimanch 2 desanm 2018 la pou dènye jounen kloti chanpyona nasyonal premye divizyon an akoz kèk fanatik ki te vin sipòte ekip yo ta voye yon likid ki rele fòmòl sou kèk jwè ekip Gonayiv la selon premye enfo yo.

Ekip Valancia a ki tap resevwa Racing FC nan pak Gerard Christophe pat rive evite sityasyon an ki te vin konplike apre kèk jwè ekip Racing FC pat ka ouvri je yo epi kenbe kò yo apre kèk fanatik yo ta akize de Valancia te voye yon dlo ki genyon sant dwòl e pikan sou yo, jwè Gonayiv yo ki pat aksepte pran swen nan men la kwa wouj ki te sou plas te prefere ret kouche a tè a epi pa deside jwe match la paske yo te santi yo pat kapab akoz de sante yo ki pat stab selon sa yo te fè konnen.

Match sila ki te gen anpil anje ladann paske nenpòt nan ekip sa yo ki ta pèdi ap desann nan dezyèm divizyon, ekip Valancia gen trèz (13) pwen e trouvel nan kenzyèm plas la pou seri kloti a epi Racing FC bò kote pal gen sèz (16) pwen nan katòzyèm plas la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …