ESPÒ: BILAN 15è E DÈNYE JOUNEN CHANPYONA NASYONAL LA.

Dimanch 2 desanm pase a se te 15è ak dènye jounen seri kloti chanpyona nasyonal la. Yon 15è jounen ki te vrèman ajite akòz anje ki te genyen nan diferan match yo, ann wè ansanm bilan jounen sa.

Jan sa te deja pwograme depi nan 13è jounen an tout match yo te demare a 3zè sou diferan teren yo pou evite twòpkalkil.

Ekip Arcahaie FC a (chanpyon seri kloti) ki tap resevwa omològ li AS Capoise(chanpyon seri ouvèti) rive inpoze’l (1-0) gras a Venel St-Fort. Yon lòt bò sa byen pase pou lòt de ekip okap yo:
Real Hope FA ki te an deplasman rive met do ekip AS Mirbalais atè lakay li (2-1) gras ak yon double ke Ronaldo Damus make epi Jordany Valérius te redwi eskò a pou AS Mirbalais.
FICA bò kote pa’l fè yon kout viktwa (1-0) sou Cavaly gras ak yon gòl pennalite siyen Stanley Bocius.

Kanta pou Ekip Ouanaminte nan yo rive inpoze yo (2-0) sou ekip Don Bosko a avèk yon double de Willinx Joseph.
Baltimore bò kote pal pat gen tròp difikilte pou’l te bat FC Petit Goâve ki te deja kondane pou dezyèm divizyon an (1-0) sou yon gòl siyen Johnny Joseph.

Yon lòt bò Cosmopolite SC ki tap resevwa AS Sud’est pat rive inpoze’l (1-1), menm jan ak ekip Tempête la ki fè yon match nil tou(0-0) fas ak Racing CH.

Bilan: Sou 8 match ki te pwograme yo nou anrejistre 5 viktwa, 2 match nil ak youn ki pat rive jwe. Antou gen 10 gòl ki make sa ki bay yon mwayèn 1,42 gòl pou jounen sa.

Micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …