AYITI EDIKASYON: ANPLWAYE MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL NAN SID YO KANPE TRAVAY

Biwo ministè edikasyon nasyonal la nan depatman sid pa fonksyone depi 2 semèn akoz mouvman grèv ke anplwaye yo lanse depi lendi 3 desanm pase a.

Se pou pi bon kondisyon travay ak yon salè ki pa depaman ak sila yo kap fè menm travay ak yo nan kapital la anplwaye sila yo kanpe travay.
Kòodonatè sendika yo nan sid, Yves Dorvilier denonse konpotman otorite yo nan nan ministè a ki pa janm fè anyen pou satisfè revandikasyon yo. Sendikalis la fè konnen ke otorite yo nan potoprens pa ba yo bon tretman ak valè. Li mande ak otorite ki konsène nan sa pou yo aji vit , si sa pa fet yo anonse ke yap kenbe mouvman san kanpe.

Yon lot kote genyen pwofesè pwogram psugo yo ki menase fèmen pot ministè a nan sid pou mande ak leta peye yo lajan 3zan yo fè ap travay ak nominasyon yo.

Gédéon DELVA, Aken

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …