ESPÒ FOUTBÒL FANM: COUPE DU PARLEMENT 1/4 DE FINAL PLAY-OFFS

Chanpyona Ayisyen foutbòl fanm an ki batize « Coupe du Parlement » preske rive nan bout li. 1/4 de final play-off yo ki te pwograme pou semèn sa te deroule nan de jou nan stade Sylvio Cator.

Jan sa te anonse 1/4 de final yo te demare mèkredi 12 desanm nan aprèmidi nan stad Sylvio Cator. Se ekip Tigresse la ki te demare dyèl yo fas ak ekip Paloma des Cayes la. San pran tan ekip Tigresse la te rive metrize sijè li kote yo fè yon sèl bouche ak ekip Paloma des Cayes la. Medam tigresse yo ki gen nan ran yo plizyè jwèz nan bèl ekip U20 ki tal jwe mondyal France 2018 la te inpoze yo (7-0) gras avèk yon sipèb Corventina ki se veritab patwòn ekip sa.
Nan dezyèm match jounen an Exafoot ki te opoze ak ASF kwadèboukè bat li difisilman (2-1).

Nan jedi 13 desanm Vénus FC tonbe devan Aigle brillant (2-0) tandiske nan dezyèm match la Anacaona bat Don Bosco (2-1). Malgre ke se Petion-villoise yo ki tap mennen depi nan premye mitan men yo pat rive inpoze yo. Leyoganèz yo ki te jwenn egalizasyon an gras a atankant intènasyonal ayisyen an Sherly Jeudi ki te mete yo sou bon ray ta pral make yon dezyèm gòl ankò avèk Dieunite Elisca ki pèmèt yo ranpòte match la (2-1).

Match demi final yo pwograme pou dimanche 16 desanm nan stade Sylvio Cator:

AS Tigresse VS Exafoot

Aigle brillant VS Anacaona.

Ann woule boul la medam.

Michelet ALCIDOR

micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …