AYITI/ KAFOUFÈY / SIKILASYON/ TRANSPÒ AN KOMEN AN KONPLÈTMAN PARALIZE NAN KAFOUFÈY

A 7 tè 10 nan maten jodi vandredi 14 desanm 2018 sikilasyon piblik nan nivo
KAFOUFÈY konplètman paralize
Selon sa kèk abitan fè konnen koz prensipal ki ta lakoz sityasyon an se pou Polisye ki pa sispann mouri yo e genlòt ki fè konnen se paske yo site non Polisye ki abite kafoufèy nan masak ki te pase lasalin lan sa pral lakoz Polisye ki abite nan divès katye nan kafoufèy avèk divès sivil nan 2zyèm sikonskripsyon an pral òganize yon mach an blan nan minit ki pral vini la yo

Riveren ki sòti nan pifò katye nan 2zyèm sikonskripsyon an oblije pran wout la sou 2 pye yo pou ale vakye a okipasyon yo Malgre sityasyo sila ki ta lakoz transpò an komen an pa fonksyone sa pa anpeche gen kèk grenn machinn prive , divès taksi, ak divès moto siklèt nan la ri a kap eseye pi rapid transpòte timoun kap pran chimen lekol yo

Tél: +50948130891

Sonlymoinius03@yahoo.fr

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …