AYITI EDIKASYON: TOUT DISPOZISYON DEJA PRAN POU DEWOULMAN EGZAMEN PÈMANAN YO.

Vandredi 14 Desanm 2018
Gonayiv

Tout dispozisyon deja pran pou reyalize egzamen Bak pèmanan yo k ap demare lendi 17 desanm k ap vini la, selon direksyon depatmantal edikasyon an nan Latibonit. Daprè chif ki kominike yo, gen 3 139 kandida ki pral sibi eprèv yo.

Direktè depatmantal edikasyon an nan Latibonit, Pwofesè Ecol Renoit fè konnen anplwaye ki te an grèv depi 22 novanm pase a aksepte fè yon trèv pou pèmèt biwo a rekomanse fonksyone jan sa te ye avan.

Yon lot to, pòt pawòl grevis yo, M. Jean René Akim ki t ap reyaji ak deklarasyon Direktè depatmantal la deklare trèv ki obsève a se jis pou fasilite pwofesè yo rekipere chèk yo nan sèvis administrasyon an. M. Akim raple kòlèg li yo p ap patisipe nan okenn aktivite k ap fèt nan biwo a toutan yo ministè a pa satisfè nominasyon ak alinyeman salaryal y ap reklame a.

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …