ESPÒ LIG DÈ CHANPYON: 6ÈM JOUNEN LIG DÈ CHANPYON/EPIZÒD I

Gen 15 ekip ki deja jwenn kalifikasyon yo pou 8èm de final lig dè chanpyon an. Gras ak rezilta yo fè pandan 6èm jounen an yon seri ekip tankou PSG, Liverpool ak Tottenham rejwenn Barcelone, Dortmund Ak Atletico Madrid ki te deja kalifye.

Finalis malere nan dènye édition an Liverpool rive asire plas li pou 8èm de final yo kote li domine Naples (1-0) gras ak Mohamed Salah. Paris St-Germain bò kote pal te san pitye pou Étoile rouge Belgrade (4-1) lakay Étoile rouge menm.

Inter de Milan bò kote pal rate kalifikasyon an akòz yon match nil (1-1) fas ak PSV Eindhoven ki te deja elimine sa ki bay chans ak ekip Tottenham nan ki rive sove match nil lan lakay Barcelone (1-1). Yon ekip Barcelone ki te remanye akoz yo te deja kalifye e asire ke yap fini premye nan gwoup la.

Malgre yo te deja asire ke yap fini premye nan gwoup yo a ekip Porto a pat ret poze sou blòk glas yo men yo t’al chache yon viktwa (3-2) lakay Galatasaray. Shalke 04 bò kote pal fè esansyèl la lè li bat ekip Lokomotiv Moscou a (1-0).

Men lis ekip ki deja kalifye yo:

-Ekip ki premye nan gwoup yo: Barcelone, Borussia Dortmund, PSG, FC Porto, Real Madrid.

-Ekip ki dezyèm nan group yo:Tottenham, Atletico Madrid, Liverpool, Schalke 04, AS Roma.

-Ekip ki kalifye men ki poko asire nan ki plas yap tèmine: Bayern Munich, Manchester United, Manchester City, Ajax Amsterdam, Juventus Turin.

Michelet ALCIDOR

Micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …