ESPÒ BASKÈT: EKIP BASKÈTBÒL LOS ANGELES LAKERS LA TONBE DIFISILMAN FAS BOOKLYN

Devan plis pase 17700 espektatè ,yè madi 18 desanm 2018 lan, nan champyona baskèt nò amerik la ( NBA) , *Lakers* yo ki soti nan konferans lwès la rive tonbe an deplasman nan « barclays center » a fas *Booklyn* ki nan koferans ès la sou yon eskò 110-115.

Malgre gwo efò *Lebron James* ki make 36 pwen, 13 rebon , 8 pas desiziv ak yon (1) blòk , *Los Angeles lakers* pa rive fè plis ke yon defèt kote li tonbe sou yon bon ekip Booklyn kote plis pase 6 jwè te aliye pou piti 10 pwen: L. Russell 22 pwen, J.Harris 19 pwen, S. Dinwiddie 18 pwen , R. Hollis-jefferson 17 pwen, D. Caroll 13 pwen ak J. Dudley 13 pwen.

Aprè defèt sa Los Angeles Lakers toujou rete nan 4èm plas la dèyè *Oklahoma* 3èm ( 18 viktwa, 10 défèt ) ak 18 viktwa pou 13 defèt. Aprè viktwa sa *Booklyn* ki 10èm ap reproche l de *Miami* ( 13 viktwa, 16 defèt ) ak 14 viktwa pou 18 defèt.

Pou n fini
jodi 19 desanm lan a 8è nan aswè *Blooklyn* ap an deplasman kay ekip *Chicago* a nan « united center » epi
vendredi k ap 21 desanm lan ekip *Lakers* lan ap gen pou resevwa ekip *New Orléans pélicans* lan nan « staples center » a

Jonathan Occulis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …