AYITI KOURAN: MOUN KAP VIV NAN KOMIN AKEN MANDE OTORITE YO POU YO GEN PWÒP SOUS ENÈJI PA YO.

*Plizyè jenn pwofesyonèl Akinwa mande pou responsab yo nan Elektrisite Dayiti retire Aken sou Tigwav pou ba li pwòp sous enèji pa l.*

Nan yon entèvyou yo bay ak << EchoJounal >>, plizyè jenn pwofesyonèl ak entèlektyèl Akinwa denonse jan Elektrisite Dayiti trete vil la nan kesyon kouran. << Se yon diskriminasyon lè responsab yo chwazi bay vil lan ti limyè prèske chak 6 mwa >>, se sa jenn pwofesyonèl ak entèlektyèl sa yo fè konnen.

Pi lwen, Bossé Biltonn, pwofesè filozofi ak manm òganizasyon Moun Lib (yon òganizasyon k ap travay pou byennèt moun nan site Julien Raymond an) kwè ke blakawout se yon sous ensekirite, li di sa ankouraje anpil zak bandi nan komin nan. Li fè konnen Leta dwe pran responsablite l pou l rezoud pwoblèm sila yon fason pou anpeche zak malonèt kontinye fèt nan dezyèm vil depatman Sid la.

Bò kote pa Souvenel Saint Georges, ansyen direktè Radyo Quina fè konnen elektrisite se yon sous devlòpman, li di sa rann pi fasil aktivite komèsyal yo lannwit epi li presize lè pa gen kouran vil la fèmen depi 6 zè nan aswè.

Yon lòt kote, jenn pwofesyonèl ak entèlektyèl sa yo siyale gwo konsekans pwoblèm elektrisite genyen sou ledikasyon nan rejyon an. Selon gwoup jenn sa yo, yo di lè gen elektrisite gen plis aktivite, timoun kapab etidye tout lè.

Kite nou fè konnen, se depi lè otorite yo nan Leta te fè leve jeneratris ki te konn bay vil la kouran voye l nan yon lòt komin nan depatman an ke site Julien Raymond an ap fè fas ak pwoblèm sa. Pou moman sa, vil Aken se sou sous enèji Tigwav li konekte ki pèmèt li jwenn ti lòsyè kouran.

*Gédéon DELVA, vil Aken*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …